
Par Ernest St-Fleur
Mache transfè Ligue Haïtienne de Football la, ki te louvri ofisyèlman 12 fevriye 2026, ap antre nan dènye bout li avan dezyèm faz Chanpyona Nasyonal la kòmanse premye mas 2026. An n gade kèk mouvman ofisyèl nan dènye moman yo la ak kèk rimè k ap sikile nan lig la :
Transfè ofisyèl yo :
Wendy Prospère kite ekip Ouanaminthe la pou l al jwe sou koulè AS Capoise la.
Roobens Philogène (Paloulou) kite Ouanaminthe FC pou l al jwe nan AS Capoise.
Bendjy Charles chanje koulè soti nan AS Cavaly pou l al evolye nan Racing des Gonaïves.
Youcaydy Jeanly kite FICA pou l al jwe nan Ouanaminthe FC.
Emerson Tibert kite AS Cavaly pou l al jwe nan Villa Lions, nan peyi Antigua-et-Barbuda.
Rimè k ap fè aktyalite mache a :
Joseph Wilinx (Dewoule) ak Boutros Orelus ta kapab pote koulè Tempête FC.
Paul Sauvens, lateral goch Baltimore SC, site kòm yon kandida pou evolye nan Violette AC.
Mompoint Guensly, jwè Ouanaminthe FC, kapab fè valiz li pou AS Capoise.
Aprè Violette AC te fin pran seri ouvèti a, anpil klèb ap prepare pou seri kloti a, ap chèche fòme efèktif ki pi konpetitif pou dezyèm faz chanpyona a, mache transfè a ap fèmen pòt li, 28 fevriye egzakteman minwi.