
Par Ernest Saint-Fleur
Mizik ak espò toujou mache ansanm pou bay plis emosyon ak motivasyon. Nan foutbòl, chante yo souvan vin tounen senbòl yon jenerasyon ak yon epòk. An 1973, kèk jou anvan Chanpyona Nasyon CONCACAF la nan Stade Sylvio Cator, jounalis espòtif Bob Lemoine te fè kreye yon chante pou ankouraje Grenadye yo. Avèk refren “Toup pou Yo”, mizik la te byen vit pran kè pèp ayisyen an epi li te vin youn nan gwo senbòl kanpay istorik Ayiti ki te mennen seleksyon an nan mondyal 1974 la.
Plizyè lane apre, gwoup rap ayisyen Barikad Crew te reprann ekspresyon an nan kanaval 2010 la ak yon mizik ki te fè anpil siksè. Depi lè sa a, “Toup pou Yo” pa janm sispann rete nan bouch pèp la. Malgre mizik sa a pa t fèt espesyalman pou yon Mondyal, li kontinye sèvi kòm yon sous motivasyon pou fanatik yo e li sonnen pi natirèl nan anbyans Mondyal 2026 la pase anpil chante ki fèt dirèkteman pou evènman an.
Jodi a, pandan Ayiti ap prepare pou retounen nan Mondyal la apre 52 lane, “Toup pou Yo” rete yon klasik ki mare istwa, mizik ak foutbòl ansanm nan kè tout Ayisyen.