
Par Guyto Jeudi
Depi lè jounal peyi Angletè The Guardian ta fè konnen Prezidan Federasyon Foutbòl Ayiti ta konn nan Ki chòy avèk kèk nan jèn tifi nan sant FIFA Goal lan, anpil moun ap ret tann lajistis pou konn ki verite ki kache dèyè akizasyon sa yo. Nan yon ankèt Rezo Nasyonal kap Defann Dwa moun mennen (RNDDH), Mesye Jean-Bart ta fè konnen li gen yon pitit ak yon ansyen jwèz
Sa pa gen lontan (lendi 18 Me) depi Doktè Dadou ta pote plent kont Romain Molina devan tribinal Paris. Jounal britanik la pat pran tan poul ta met lòt koze sou tab la. Ed Aaron, Alex Cizmic ak Romain Molina, nan yon atik, fè konnen gen pami viktim zak sizonnay Mesye Jean-Bart ta ap resevwa menas tout kalite nan men akwolit Prezidan FHF la. Pi devan gen yon ansyen jwèz ki deklare se paske li pat bay bout anbal ki fè li pa jwenn chans al jwe lòt bò. Sa pase ayè jedi a.
Menm yè jedi 21 Me, Dòk la te gen randevou nan Pakè Kwadèboukè kote komisè gouvènman te dwe tande li. Daprè rapò RNDDH sou chita tande sa, Yves Jean-Bart ta di aklè ke li gen yon pitit fi ak yon ansyen jwèz Anacaona FC (Leyogàn). Sa te pase lakay vwazen pa lòt bò fwontyè nan lane 2000. Sa ki ta kite nou kwè pitit la majè pou kou wè li ye la (20 an).
Si se vre Prezidan di li gen pitit ak yon ansyen jwèz, èske sa vle di tou li konn nan jwèt kachkach liben ak tilèzanj ki gen mwens ke 18 lane nan sant lan? Èske tou sa ka sèvi kòm chaj kont li? Se mouche lajistis ki va di dènye mo a. Si se pou enstans Pierre Espérance ap dirije li te dwe wè Dadou Jean-Bart ak tout manm katèl En route vers l’Excellence la fè yon kraze kite sa nan tèt Federasyon an pou bon jan ankèt san fòs kote ka mennen.